PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

NOUKONSYAN kondane ak tout fòs li zak kriminèl ki frape Jandeni

NOUKONSYAN kondane ak tout fòs li zak kriminèl ki frape Jandeni

Òganizasyon sosyopolitik NOUKONSYAN aprann ak anpil doulè ak gwo endiyasyon nouvèl trajedi ki frape popilasyon Jandeni, nan depatman Latibonit, kote plizyè sitwayen inosan tonbe, viktim anba zak kriminèl gang ame Gran Grif Savien an nan lannwit samdi 28 pou rive dimanch 29 mas 2026.

Nan moman difisil sa a, NOUKONSYAN ap prezante senpati l ak solidarite l bay tout fanmi ki pèdi pwòch yo, tout moun ki blese, ansanm ak tout kominote Jandeni an ki anba laterè gang ame yo.

Nou pataje doulè pèp la epi kondane ak tout fòs nou krim san parèy sa yo ki kontinye ap simen lanmò, detwi lavi moun epi mete plis lapèrèz nan mitan popilasyon an.

Òganizasyon NOUKONSYAN ap denonse nan dènye nivo atak sanglan gang Gran Grif Savien k ap fè lalwa ak simen latwoublay depi plizyè ane nan zòn Balatibonit la pandan Leta sanble ap gade san li pa pran mezi ki nesesè pou mete fen nan sitiyasyon san parèy sa a.

NOUKONSYAN denonse pasivite gouvènman Premye Minis Alix Didier FilsAimé a jiskaprezan ki pa janm manifeste volonte klè pou pran dispozisyon reyèl ak efikas pou kraze rezo gang Savien an. Silans ak inaksyon otorite yo ap kontinye mete lavi sitwayen yo an danje epi bay kriminèl yo plis kouraj pou kontinye komèt zak malonѐt yo.

Pou NOUKONSYAN, li pa akseptab pou popilasyon Latibonit la kontinye ap viv nan kondisyon ensekirite pèmanan pandan Konstitisyon fè Leta obligasyon pou garanti sekirite tout sitwayen san distenksyon.

Sitiyasyon sa a mande aksyon rapid, estriktire ak dirab nan men otorite An konsekans, san pèdi NOUKONSYAN mande gouvènman an pou li pran tout mezi nesesè pou:

– Demantle gang Gran Grif Savien an;

– Retabli otorite Leta nan depatman Latibonit la

– Retabli sekirite;

– Pwoteje lavi ak byen popilasyon sivil la;

– Mennen ankèt serye sou masak ki fèt la pou idantifye ak pini tout responsab yo, kit yo dirèk kit yo endirèk.

NOUKONSYAN ap kontinye leve vwa li pou defann lavi, diyite ak dwa popilasyon ayisyèn nan. Nou reafime angajman nou pou n kontinye mobilize konsyans nasyonal la kont enpinite, ensekirite ak tout fòm neglijans nan nivo Leta ki mete pèp la an danje.

NOUKONSYAN ankouraje tout fòs viv nasyon an pou yo rete vijilan e pou yo kontinye batay pou yon Ayiti kote sekirite, jistis ak respè pou lavi moun pa negosyab.

*Pou otantisite* :

– Pwòfesè Hefna LORAQUE, Kwòdonatris nasyonal

– Ekonomis Frandy DORVAL, Sekretѐ Finans

– Pwòfesè Makenson JEAN BAPTISTE, Pòt Pawòl

*Téléphone* : (+509) 4640 0575 / 4498 8382 / 3527 6845

*Email 😗 noukonsyan.ayiti@gmail.com

hebdopost.net

hebdopost.net

La Redaction de Hebdo POST

Leave a Reply

Translate »