Fòmasyon KEP : RAMSA mande gouvènman an rekonsidere desizyon li pran pou l eskli sektè fanm yo nan pwosesis la

Rasanbleman Madan Sara Ayiti (RAMSA) denonse konpòtman diskriminatwa an menm tan anti demokratik kèk manm nan konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an tankou konseye Frinel Joseph, kap fè tantativ pou ekate chwa ofisyèl reprezantan fanm yo ki se Madam Marie Rebecca Guillaume, nan lis pèsonlite ki dwe fè pati konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Jwèt sa, sanble 2 gout dlo ak manèv vye politisyen tradisyonèl ki andan CPT a, ki an lagan, deja frajilize pwosesis Elektoral la nan prépare yo pou òganize vye eleksyon bouyi vide andan peyi a.
Nap raple CPT a, deziyasyon Madam Marie Rebecca Guillaume, se rezilta dènye eleksyon òganizasyon Kay Fanm te òganize sou rekòmandasyon menm CPT sa, ki jodi a ap fè tout kalite jwèt pou Ekate l nan pwosesis la.
Kesyon kap poze, Eske se dezòd CPT a bezwen kreye pou eleksyon pa janm òganize oubyen, pou fè eleksyon pike kole pou rekonpanse pati politik ki te rekòmande yo nan strikti sa.
Nan sans sa, RAMSA ap di yo se byen konte mal kalkile. Je Popilasyon an antye sou yo e konprann jwèt kap jwe a. Nap tou di CPT a, chat konnen rat konnen barik mayi rete konsa paske, jiska minit nap pale kandida ki eli nan dènye eleksyon yo te rekomande a, Mme Marie Rebecca Guillaume se reprezantan sektè fanm lan nan pwochen konsèy Elektoral Pwovizwa a e nap pwofite poun di tou pyès moun pap kapab pase rezilta dènye eleksyon Kay Fanm te òganize pou te akouche ak chwa sa ki se reprezantan sektè fanm yo nan kad fòmasyon kEP a anban pye.
RAMSA kòm òganizasyon sosyal ki genyen majorite manm li ki se fanm e ki reprezante 65 % nan ekonomi ayisyèn nan, konsidere tantativ Konseye Frinel Joseph ap fè pou ekate Fanm entèg yo nan lis konseye elektoral yo kòm yon menas pou dwa Fanm yo selon egzijans konstitisyon 1987 amande a, nan atik 17.1 an ki reklame kota 30%fanm nan tout pòs desizyonèl yo nan vi nasyonal la prensipalman nan Fonksyon piblik la.
Sou baz sa, RAMSA mande pou konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an resezil nan sa ki gen pou wè ak chwa pèsonalite ki dwe fè pati pwochen konsèy Elektoral Pwovizwa a, pandan nap mandel poul respekte rezilta dènye eleksyon òganizasyon Kay Fanm te òganize a ki te abouti ak chwa reprezantan sektè fanm lan nan KEP a.
Nan sans sa, nap mande pou tout manm RAMSA, tout òganizasyon Fanm ki kwè nan bonjan eleksyon, pa pran nan pwovokasyon, rete mobilize, veyatif, pandan yap tann modòd RAMSA paske, ekate yon Fanm ki fè prèv sou tèren an e sektè a konnen, ki konn sektè a nan kad fòmasyon Konsèy Elektoral pwovizwa a, se ekate abitasyon yo, seksyon kominal yo, komin yo, awondisman yo, sikonskripsyon yo ak depatman yo. anfen se ekate peyi a pou bay ti minorite zwit ki nan CPT a possiblite pou fè eleksyon malatchonn pou mete moun yo vle.
Poun fini, nou menm Madan Sara, ki se kouch ki pi defavorize malgre enpòtans nou nan peyi a, nou pap rekonèt kelkeswa fanm konseye Frinel Joseph ta chwazi pou reprezante sektè fanm lan nan KEP a, si se pa chwa ki te fèt nan dènye eleksyon Kay Fanm te òganize , ki se Madame Marie Rebecca Guillaume.
Lagè avèti pa touye kokobe men fòk kokobe vijilan.
Jocelyne Jean-Louis, Prezidan

La Redaction de Hebdo POST